top of page
Netwaye anvironman ∙ Bay job nan lokal yo

INSPIRE PÈP LA

Screen Shot 2020-04-13 at 1.33.19 AM.png

Osije De Nou

Kay blada resiklaj se yon oganizasyo ki a baz non profi, e ki genyen 501(c)(3) sètifikasyon nan Etazini. Oganizasyon sa a ap travay pou redwi povrete epi netwaye fatra plastik an Ayiti. Chak jou, travayè Kay Blada yo ranmase tout fatra plastik nan lari a, epi Kay Blada achte plastik sa yo nan men travayè yo epi transpote fatra plastic yo nan yon konpani resyklaj lokal an Ayiti pou yo kabap resikle yo. Konsa, Kay Blada kreye ap travay nan lokalite a, epi an menm tan netwaye tout fatra plastik.

San yon bon pwogram resiklaj ki byen oganize, fatra plastik yo souvan rete nan lari a, epi nan rigòl yo, sa  ki lakoz gro kontaminasyon nan dlo pou bwe. Moun yo oblije boule pil fatra yo le yo vin trò gro, epi pratik sa lage lafimen toksik nan lè a.

 

Ayiti se peyi ki pi pòv nan emisfè lwès la, e majorite moun ki ap ranmase fatra plastik pou Kay Blada yo se fanm ki gen 50 ane oubyen plis ke 50 ane. Moun sa yo ap eseye sipòte fanmi yo. Pou anpil nan yo, lajan ke yo fè nan ranmase fatra plastik la sèvi pou achte manje bay pitit yo chak jou, oubyen voye pitit yo lekòl.

 

Objektif Kay Blada se pou li redwi chomaj epi redwi polisyon an Ayiti. Depi Kay Blada te fonde an Desamb 2015, nou amplwaye preske 65 moun e resikle 100,000 Liv plastik.

To find out more about Kay Blada, watch our promotional video here.

Twa Objektif nou yo:

Netwaye anvironman

Objektif Kay Blada se pou redwi kantite fatra plastik ki nan lari yo, epi nan kanal en Ayiti. Fatra plastik sa yo polye dlo epi lage lafimen toksik nan lè a, moun yo boule yo. Chak jou, abitan yo ranmase plastic ki nan lari yo, e Kay Blada achte plastik yo epi mennen yo bay yon compayi ki resiklaj yo. Pou kounya, Kay Blada resikle ranmase deja plis pase100,000 Liv fatra plastic.

Bay job lokal

Kreye travay nan lokalite a 
Kay Blada ap travay di pou li ka redwi chomaj an Ayiti.  Nou peye chak travayè yo selon de kantite plastik ke yo ranmase chak jou. Nou mezire plastic yo pa Liv, e sa bay travayè yo lajan pou achte manje chak jou, oubyen peye lekol pitit yo. Depi Desamb 2015, nou anplwaye plis 65 moun.

Inspire Pèp la

Yonn nan objektif santral Kay Blada genyen se pou edike popilasyon an de kòman yo ka patisipe nan kenbe environman pwòp. Kay Blada bay diskou edikasyonèl nan lekòl, sou radio, e travay pou edike kominote lokal kòman pou kenbe lari a epi dlo kap koule yo pwòp. Edikasyon se kle pou soutni developman, Kay Blada bay sa anpil valè.

Reyalizasyon

Depi Kay Blada te fonde an Desanb 2015...

Nou deja ranmase plis ke 100,000 Liv plastik
Fatra plastik sa yo ki tapral sal lari a, oubyen ki tapral boule pou kreye lafimen toksik. 
Nou deja anplwaye 65 kolektè
e 3 anplwaye a plen tan, epi 2 anplwaye a kou tan
Screen Shot 2020-04-13 at 1.33.19 AM.png
Nou edike plis pase 1800 elev lekol sou kijan pou yo proteje anviwonman an.
Program edikasyonel sa ap ekzekite nan 7 lekol nan depatman Plato Santral.

Kounye a, Kay Blada ap chèche plis sipò ekonomik pou ede’l amelyore aktivite operasyonèl li yo, epi rive entegre plis moun nan travay la, pandan ke l’ap kontinye fè plis efò pou li peye travayè li yo yon sale ki jis. Avek plis sipò ekonomik, kay Blada ka jwenn plis aksè ak pi bon ekipman, pi bon antrenman pou anplwaye yo, pi bon veyikil pou transpote plastic yo, epi sa ap pemet ke li ka fe pi bon promosyon pou travay la. Chak kontribisyon ede kay Blada ranpli misyon li an ki se nan kreye travay nan kominote a, edike popilasyon an, e netwaye anvironman nou an.

Kay Blada Resiklaj

(336) 684-0432

Lokalize: Hinche, Haiti ak Chapel Hill, NC

  • White YouTube Icon
  • Twitter Clean

Special thanks to our sponsors

Kay Blada Recycling

Phone: (336) 684-0432

Located in Hinche, Haiti and Chapel Hill, NC

EIN: 82-4964064

plastic credit graphic.png
Copped copy .jpg
Sponsorship Opportunity
guideStarSeal_2018_platinum_LG (1).png
bottom of page