![]() | ![]() | ![]() | ![]() | ![]() |
---|---|---|---|---|
![]() |
Netwaye anvironman ∙ Bay job nan lokal yo
INSPIRE PÈP LA

Osije De Nou
Kay blada resiklaj se yon oganizasyo ki a baz non profi, e ki genyen 501(c)(3) sètifikasyon nan Etazini. Oganizasyon sa a ap travay pou redwi povrete epi netwaye fatra plastik an Ayiti. Chak jou, travayè Kay Blada yo ranmase tout fatra plastik nan lari a, epi Kay Blada achte plastik sa yo nan men travayè yo epi transpote fatra plastic yo nan yon konpani resyklaj lokal an Ayiti pou yo kabap resikle yo. Konsa, Kay Blada kreye ap travay nan lokalite a, epi an menm tan netwaye tout fatra plastik.
Objektif Kay Blada se pou li redwi chomaj epi redwi polisyon an Ayiti. Depi Kay Blada te fonde an Desamb 2015, nou amplwaye preske 65 moun e resikle 116,000 Liv plastik.
Twa Objektif nou yo:
Netwaye anvironman
Objektif Kay Blada se pou redwi kantite fatra plastik ki nan lari yo, epi nan kanal en Ayiti. Fatra plastik sa yo polye dlo epi lage lafimen toksik nan lè a, moun yo boule yo. Chak jou, abitan yo ranmase plastic ki nan lari yo, e Kay Blada achte plastik yo epi mennen yo bay yon compayi ki resiklaj yo. Pou kounya, Kay Blada resikle ranmase deja plis pase 116,000 Liv fatra plastic.
Bay job lokal
Kreye travay nan lokalite a
Kay Blada ap travay di pou li ka redwi chomaj an Ayiti. Nou peye chak travayè yo selon de kantite plastik ke yo ranmase chak jou. Nou mezire plastic yo pa Liv, e sa bay travayè yo lajan pou achte manje chak jou, oubyen peye lekol pitit yo. Depi Desamb 2015, nou anplwaye plis 65 moun.
Inspire Pèp la
Yonn nan objektif santral Kay Blada genyen se pou edike popilasyon an de kòman yo ka patisipe nan kenbe environman pwòp. Kay Blada bay diskou edikasyonèl nan lekòl, sou radio, e travay pou edike kominote lokal kòman pou kenbe lari a epi dlo kap koule yo pwòp. Edikasyon se kle pou soutni developman, Kay Blada bay sa anpil valè.
Don
Chak kontribisyon ede Kay Blada akonpli misyon de kreye job nan kominote a, edike kominote, e kenbe anvironman pwòp. Nou apresye tout kantite donasyon.
Kay Blada se yon 501(c)(3) pa pou pwofi òganizasyon. Tout donasyon yo patisipe nan taks. Nimewo taks identifikasyon nou an se 82-4964064.


Swiv nou sou intènèt

Kay Blada Resiklaj
(336) 684-0432
Lokalize: Hinche, Haiti ak Chapel Hill, NC